Kishore Kumar Hits

ZATRAP - Lè Yon Fanm Damou текст песни

Исполнитель: ZATRAP

альбом: Zatrapela


"Lè yon fanm damou" ZATRAP ft Triple J
Triple J
Li ka fè san soti nan wòch
Lè fanm damou
Li pwouve'w sa menm lè'w san pòch
Lè fanm damou
Li twouble l' konn pran dwat pou gòch
Lè fanm damou
Ou ou ou ou ou... (Tamara Suffren)
Li tankou yon grenn foumi fou
Lè fanm damou
Menm rive konfonn nwit ak jou
Lè fanm damou
Nenpòt ti pawòl kalalou l' lè fanm damou
Ou ou ou ou ou...(Tamara Suffren)
Paskal
Oh m'pat janm imajine m' nan faz sa "je la veux"
Mwen te toujou pè repete fraz sa
Se youn nan enstrimen m'pat janm vle jwe nan djaz la
Pou m' akòde vi m' avè w' mwen dakò fè bèl chwa silaa
Mwen menm Paskal se mwen ki pral met bag sa
Pouse m' konprann koman m' pral jere vag sa
Lè yon fanm damou yon nèg li enpoze l' an mèt li
Sou li l' jwe atoupri pou l' rete sèl zenmbwèt li
Emanoox
Tankou'w kout eklè k'fèt pyè kè w' tonbe pou mwen
M'swiv ou tankou Pyè jezi te poze men sou li
M'admèt mwen ne de nouvo
Di yo sou lotèl la n'konvèti an solo
Piwo, zwazo ya vole pou make bwavo
Bwa yo pran souke pou montre kontantman yo
Viktwa, ou lite jis ou li nan'w nouvo liv
Pouvwa kite m' lave tèt ou ak lwil doliv
Triple J
Lè fanm damou l'ap fè san sot nan wòch
L'ap montre'w sa menm lè'w pa gen nan pòch
Lè yon fanm damou li twouble l' konn pran dwat pou gòch (pou gòch)
Lè yon fanm damou 2 grenn je l' pete
Lè yon fanm damou li pa wè enterè
Lè yon fanm damou se kè ll ki gide l'
Devan tout danje l' prè pou l' sakrifye l'
Yeahhhh
Lemèb
Lè fanm damou li renmen pou de vrè e l' vin serye
Menm si dèfwa eprèv vle kraze kè l' li pap lage
Yon chans konsa se sa yon blodè ta swete genyen
Paske l' konnen nan moman sayo li pap janm plenyen
Epi sa w ta vle nan men l' yo li prè pou l' sede
Sa l' genyen k' pi chè a se kè l' li deja livre l'
Kanmenm w'ap di ti fanm sa kèt mwen kwè nan li vre
Lè sa l' vin rekonesan
Lè'w bezwen l' l'ap prezan
Lywes
Yeahhh
Gad' mwen Lywes kounya m'pa nan vi komokyèl
Fi a jwe pyezemen li mete m' ofisyèl
Vi m' chanje m'renonse pou m' pa gen fanm o pliryèl
Ak li m'sove nan paradi m'kache nan ofisyèl
Ak li, sajès li, fè m' wè li paradi yeahhh
Lanmou fè li akrèk e sansib pou lili
Li pran tout tan l' tout san l' li kouvri m' anba gwo lanmou
L'jire sou vi l' pou l' pa kite anbago nan nou
Triple J
Lè fanm damou l'ap fè san sot nan wòch
L'ap montre'w sa menm lè'w pa gen nan pòch
Lè yon fanm damou li twouble l' konn pran dwat pou gòch (pou gòch)
Lè yon fanm damou 2 grenn je l' pete
Lè yon fanm damou li pa wè enterè
Lè yon fanm damou se kè ll ki gide l'
Devan tout danje l' prè pou l' sakrifye l'
Wèeeee

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

Похожие исполнители