Kishore Kumar Hits

Rockfam Lame a - Lanmou lekol текст песни

Исполнитель: Rockfam Lame a

альбом: Pa Gen Pase'n


Mwenm menm avè w gen twòp ane n ap chita ansanm kòt a kòt
Fason youn bay lòt afeksyon pèsòn pa ka di love sa twòp
Kaye w se kaye m, kreyon m se kreyon w
Ou fin gate m nan voye bèl ti mesaj nan akòdeyon
Nou medite ansanm, nou etidye ansanm
E n gen pou n tann lè egzamen rive pou n revize ansanm
Menm lè je n sou tablo men w nan men m anba ban an
Oh! Bondje gade yon bèl kado ou banmwen san lajan
Aprè lekòl pou n al travay mat a fizik
E gen pou n fè ti koze ba w ti konsèy kou papa ak pitit
Se oumenm mеnm ki fè m konn definisyon mo k rele lanmou
Dеpi m genyen w bò kote mwen m pa konn sa yo rele grangou
Se premye love nou
Istwa nou pap janm bliye love nou
Se la nou te kòmanse klas nou
Se te andwa prefere n
Rann pou modèl
Love nou te ansenye
Se premye love nou
Ki tankou yon conte de fée
Love nou
Se la rèv nou kòmanse lanmou lekòl
Se te standa prefere n lanmou lekòl
Pou kè nou degaje
Depi nan pòt la je m tonbe nan je w ou gentan ap souri
Menm lè m pat anvi rantre nan sal la rega w, gentan fè m soumi
Lè m apwoche w sant pafen w fè m sanble moun ki sot pran nan foumi
Mwen pa anvi lache w yon may pou m pa pran nan kouri
Nan rekreyasyon ou toujou bò kote m
Menm lè pou m fon ti redaksyon fòk ou vin nan panse m
Se sak banm fòs pou m fè devwa m pi byen
Rèv mwen, se monte avè w nan lòt klas pou lanmou n al pi lwen
Siveye lè m sou tablo nan klas la pou m pa fè erè
Lè w ap gade m jan w di m je t'aime menm pwofesè a pa ka wè
Tout zanmi m ap tcheke w san reflechi se mwen w chwazi
M pa gen laj pou m konpran si se pou ou yo banm lenmi
Se pa ti mizè lanmou lekòl sa pote pou mwen
Jalouzi ti zanmi dèfwa konn fè m pete goumen
Aprè lekòl rive lakay nan telefòn nou pale
Nenpòt bri pye w tande kouri fèmen san w pa di m w ale
W se camarade de classe mwen
Ansanm pou nou chita pou lòt jènjan pa pran plas mwen
M pap absan ni anreta
Renmen w se premye devwa ke mwen redije au propre
Beze w sèl lèt orevwa la pòs livre san anvlòp
M konnen pa premye kondisip k ap ba w kout boulèt powèm
Men tankou Jan m vle sèl disip "le doux Jésus aime"
Depi se ou ki sou tablo a tout kò m gentan humide
Pou m avanse se sèl pa do beby ou konnen m timid
Admire w chak jou nan klas la sèl sa m gen kòm épreuve
Yon ti bizou sou bouch seulement sifi kòm yon preuve
Pou m ka wè w m leve chak jou m rayi konje ak grèv
Si Bondye pran m pou Adan se ou l chwazi kòm Èv

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

Похожие исполнители

Pic

Исполнитель