Kishore Kumar Hits

Ansy Derose - Nou vle текст песни

Исполнитель: Ansy Derose

альбом: Les titres d'or


Nou vle nou vle pou peyi nou
Chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye
Sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou
Vin bèl vin dous pou pitit li yo
Nou pa nan pale franse ni pale met la
Nou vle travay pou nou pran libète nou
Nou pa vle politisyen k ap sèvi avè nou
Pou yo sa rich, pou la glwa, pou kòz pa yo.
Peyi n malad li kouche, fòk nou bal lavi
Avec pasyans, konesans, n a trete li
Nou pa vle ban n demagòg k ap vin pou bafwe nou
Nou vle teknisyen ki konn pou yo met men
Ansanm ansanm n ap antere tout vye mannyè nou
Ansanm ansanm n ap netwaye konsyans ki sal yo
Tout sa k ap tann
Sa k dekouraje
Sa k pè lite
Tout moun angaje
Pou n delivre
Fò n chita panse
Pou n mezire
Longè nou mare
Fòk nou jwenn yon jan pou n kase kòd
Nou vle nou vle pou peyi nou
Nou deside pou peyi nou chanje figi
Avèk la fwa, ak kouray, ak fòs pa nou
Lè a rive pou n met men
Fò n vide dyakout nou
Pou n ka montre sa n pote
Ki sa nou konn fè
Nou pa bezwen diktati k ap detwi lavi
Ni pèsonn moun ki konprann li se Bondye
Respè youn gen pou lòt
Va fè tout men kontre
Pa gen ni zàm ni mechan k ka reziste
Ansanm ansanm n ap antere tout vye mannyè nou
Ansanm ansanm n ap netwaye konsyans ki sal yo
Jan kandida
Jòsef kandida
Emil kandida
Tout vle prezidan
Pa gen pèsonn ki ka delivre n
San tèt ansanm
Ki premye remèd
Si nou kole tèt n a jwenn chimen
Nou vle nou vle pou peyi nou

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

Похожие исполнители

Zin

Исполнитель