Kishore Kumar Hits

Fre Gabe - San Ou текст песни

Исполнитель: Fre Gabe

альбом: Mete Frè Devan Nonm (Blessing Edition)


E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m pa feel good
M paka viv san ou
San ou lavim devan deyè
Chak segond san ou tankou lanfè.
San ou avnim paka meyè
M we lemond a lanvè.
E tankou moun kap kouri avèk de bout pye
E tankou moun kap chante ak lang li koupe
E tankou moun Kap fe mirak pandan lap doute
E tankou mache chache ki domi san soupe
E tankou jounen san solèy
Yon kochma san somèy
On tèt san zòrey e yon plat pye san zotèy
E tankou pousyè ki nan yon gro sitèn
Komsi map respire san osigèn
E tankou lanmè san pwason
Tankou yon moun ki san grase o
E tankou tèren san gazon
E tankou gro match foutbòl ki san fomasyon
E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m paka feel good
M paka viv san ou
Kkkk komsi m mare ak plizye ti kòd
Komsi m pedi nan labirent ki gen plizye ti pòt
Komsi son mikro m Fè plizyè recorde
Map mandew grace misèrikod
Ou we mizem wi gòd
E tankou ti pwason kap manje zèb
Yon bwason wi ki fèm fè yon desanm san klorat
E tankou alfabèt san A san Z
Yon fraz san vèb
Yon istwa david san goliat
Yon moto san gidon
On bebe san bibon
Kayotchou san boulon
Tankou moun kap respire san poumon
Se komsi yon avèg kap gad yon bebe
Kap bay blag ak yon moun soud
Tankou chabon dife 'k jele
San ou mpap dire tankou on kout foud
M paka san ou
M paka san ou
M paka san ou papa
M paka san ou
M paka san ou
M paka san ou
M paka san ou papa
M paka san ou
E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m paka feel good
M paka viv san ou .

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

Похожие исполнители