Kishore Kumar Hits

Alabanza - Lannwit Rive текст песни

Исполнитель: Alabanza

альбом: Emmanuel


Lannuit rive...
Lannuit rive kè m pa sote,
Paske se ou k ape veye m.
Dòmi te mèt pote m ale,
Paske se ou k ape veye m.
1-
Toupatou lenmi m yo kache,
Tankou malfini
Dèyè pou l y ape veye.
Ak tout sa mwen pa pè mache,
Paske konfyans
Mwen se nan ou BonDye li ye.
2-
Mechan yo di pa gen BonDye,
Yo di sila n ap priye a
Pa gen pouvwa.
Men mwen konnen li egziste,
Paske li fè mirak
Nan lavi mwen deja.
3-
Lenmi m yo vle wè mwen tonbe,
Tout lajounen se pèlen
Pou mwen y ap tann.
Men paske fwa mwen
Se nan BonDye,
Pèlen sa yo
Se yo k ap pran ladann.
Fen

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

Похожие исполнители