Kishore Kumar Hits

Zafem - Enèji Nou Sanble текст песни

Исполнитель: Zafem

альбом: LAS


Mwen te konnen nou te soude
Menm lè n te de etranje
Li te klè ke nou pral pataje
Yon bagay serye
M pa t bezwen wè loraj gwonde
Ret tann siyal yon mesaje
Pou m te konnen ke nou pral anbake
Nou se de nanm ki pare
Pa di m ekzajere
Pa sezi si yon jou m ta va di ou
Ou se ezakteman pòtre sila
Ki fè m kwè m ka fidèl
S on okazyon ki prezante l
E mwen pa vle fè kou rate
Paske si mwen ta wè w nan bra yon lòt vivan
M konnen m ap malere
Byenveni Felisite
Granmèt la rich an bonte vre
Si L lakòz je m ak je w kontre
Men m nan men w m ap danse
Nanpwen pi bèl bagay ke sa
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati (ayayayay!)
Wete mwen nan lavi bay manti
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
(Ayayayay!) Ayayayay! se pa pawòl manti
M anvi rete kote w rete
Pou n pran boulva a pou nou de
Tan an m ta rekòmanse
Kouri dèyè w pou nou jwe
Se pou w di mwen lè w t ap leve
Ki kote w te konn ale
M anvi nou ale a de (lanmou sa)
Pou n al revizite
Se konsa m ye lè fè foli damou
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati (oh, oh-oh)
Wete mwen nan lavi bay manti (oh, non-non-non)
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Ayayayay! Se pa pawòl manti
M konnen w ka fè kèk eksperyans
Kontre ak lòt nèg san konpetans
Men w pa bezwen fè m retisans
Mwen konn bay fanm enpòtans
Ou pa ta kwè se ou m t ap tann
M rete tann ou ak pasyans
Kè mwen te swaf ou lontan
Li pran twòp dezè, twòp savann
Oh-oh-oh-ohh
Za-pa-da-pa-da, dap-pa-pa, pap-da-da (bless)
Pa-ah-da-pa-da
Za-pa-da-pa-da, pa-da-pa-da, pa-dap-pa (Saint-Louis du Sud)
Za-pa-da-pa-da, dap-pa-pa, pap-da-da (byen bon)
Za-pa-da pa-dap-pa da (mizik)
(Yeah, yeah)
(Oh-oh, oh-oh) sa se Zafèm, Zafèm, Zafèm (oh-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh)
(Oh-oh, oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh)
(Oh-oh, oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh)

Oh, oh-oh-oh
Oh, oh-oh-oh

M p ap eseye
Eseye konprann sa k pase
G on fòs ki pran n ki mennen n la
Mwen fè w konfyans
Menm si m poko wè l fè sans (wi, m fè lavi konfyans)
Kot lanmou voye mwen mwen prale (mwen vle ale, ale, ale)
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Anvan vyann n te kouvri zo n, kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans
Nan randevou womans (m bouke ale)
M p ap eseye (m bouke ale)
Eseye konprann sa k pase (se surnaturel)
G on fòs ki pran n ki mennen n la (crois-moi, ma belle)
Mwen fè w konfyans
Menm si m poko wè l fè sans (wi, m fè lavi konfyans)
Kot lanmou voye mwen mwen prale (mwen vle ale, ale, ale)
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Anvan vyann te kouvri zo n, kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans
Nan randevou womans (la-la-la-la-la-la, la-la-la-la-la) m bouke ale
La-la-la-la-la-la, la-la-la-la-la
La-la-la-la, mmh, mmmh!
La-la-la-la-la-la, la-la-la-la-la

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

LAS

2023 · альбом

Похожие исполнители

Vayb

Исполнитель

KAI

Исполнитель

Baky

Исполнитель

EKIP

Исполнитель

Gabel

Исполнитель