Kishore Kumar Hits

Zafem - Le Plein текст песни

Исполнитель: Zafem

альбом: LAS


M f on anpil tan nan lòt peyi
M ap konte jou pou nou kontre
N ap imajine jou nou pral wè ankò, wè ankò
Li pa t fasil lè nostalji
Fè kè m lou, li vle m tounen zonbi
M anvi goute, sèl ou k pou ban mwen, ban mwen lavi
Se pa moun mwen pa kontre
Ni lòt bote m pa kwaze
Men youn pa vibre m, m pa konekte
Menm lè ta eseye
Prezans ou tank on lwa k chevoche m
Cheri, ou se fanm
Se fanm ki gen kle badji m
Lakay se la m prale
M pa ka rete
Dou, ou m prale wè (doudou mwen)
Cheri m, m prale wè (danmijann mwen)
Lakay, se la m prale
(M pa ka rete) non, non, non
M pa ka rete (doudou mwen)
(Danmijann mwen)
Ou konnen tout sa mwen renmen
Tout sa k bon nan bouch (sere yo pou mwen)
M espere w mete w a pwen
Paske lè w anba douch (ou pa pral fè koken)
Lè jou a rive (w a prepare w pou n al fè le plein)
Se lè m ap konte
Pou m ale, oh (w a prepare w pou n al fè le plein)
Lakay se la m prale
M pa ka rete
Ou m prale wè (doudou mwen)
Ou m prale wè (danmijann mwen)
Lakay, se la m prale
(M pa ka rete)
Ou m prale wè (doudou mwen)
Doudou, m anvi wè w (danmijann mwen)
Ou konnen tout sa mwen renmen
Tout sa k bon nan bouch (sere yo pou mwen)
M espere w mete w a pwen
Paske lè w anba douch (ou pa pral fè koken)
Lè jou a rive (w a prepare w pou n al fè le plein)
Se lè m ap konte
Pou m ale, oh (w a prepare w pou n al fè le plein)
Ouh-ouh-ouh, ye-e-e!
Ou se zafè m
E menm lavi pa ka vin pran w nan menm!
Nan menm!

(Hasta mañana, mi amor)
Vini cheche m
(Hasta mañana, mi amor)
(Hasta mañana, mi amor)
Vini cheche m
(Hasta mañana, mi amor)
Mwen prepare on lanmou (move)
Yon panyen k plen afeksyon (san presyon)
Mwen prepare w lanmou (move)
Mwen swete l ba ou frison (se vre san)
Mwen pral fè w, ou pral fè m tou (move)
Ou pral jwenn avè m tou, doudou (san presyon)
Mwen pral fè w, ou pral fè m tou (move)
Se de byen k pral jwenn, doudou (se vre san)
M pa ka tann avyon sa dekole
Hasta mañana, mi amor
Vini cheche m
Hasta añana, mi amor
(Hasta mañana, mi amor)
Hasta mañana, mi amor
Vini chèche
Hasta mañana, mi amor
Mwen prepare on lanmou (move)
Yon panyen k plen afeksyon (san presyon)
Mwen pot on lo lanmou (move)
Mwen swete l bay bouch frison (se vre san)
Mwen pral fè w, ou pral fè m tou (move)
W ap jwenn avè m, doudou (san presyon)
Mwen pral fè w, ou pral fè m tou (move)
Se de byen k pral jwenn, doudou (se vre san)
M pa ka tann avyon m dekole

Cheri!
Ou se zafè m
Zafè m

Поcмотреть все песни артиста

Другие альбомы исполнителя

LAS

2023 · альбом

Похожие исполнители

Vayb

Исполнитель

KAI

Исполнитель

Baky

Исполнитель

EKIP

Исполнитель

Gabel

Исполнитель